Ensekirite nan peyi d Ayiti a pran tout fòm. Se pa sèlman bandi ak zam k ap brake oubyen kidnape moun ki antre nan kad ensekirite a. Gen plizyè asosiyasyon malfèktè ki aranje yo pou rele moun nan telefòn e fè presyon sou yo pou mande lajan sou pretèks moun sa a gen yon manm fanmi l nan men yo, yon moun yo kidnape.
Anpil ka konsa repete dènye jou sa yo kote plizyè moun sòti viktim. Gen sila yo ki menm gentan voye lajan ale swa pa Moncash oubyen Natcash anba gwo presyon. Kèk viktim te pale ak redaksyon jounal La Nation Post sou fason yo te viv moman sa yo.
Anak se yon mo fransè ki vle di eskwokri, twonpri kote yon moun ka resevwa yon apèl telefòn oubyen yon mesaj pou mande l lajan oubyen itilize non yon lòt moun pou mande lajan. Anak la pran plizyè fòm e li gen anpil konsekans grav li trennen dèyè l. Nan peyi d Ayiti, sitou nan moman kote ensekirite a ap vale tèren, anpil moun ki deja anba gwo chòk depresyon, kè sote ak yon estabilite nan lespri yo, lè yo resevwa yon apèl pou fè yo konnen pwòch yo nan men bandi, sa konn debouche sou gwo tansyon lakay moun nan.
26 desanm 2022, Direktè Jeneral Lapolis la nan peyi d Ayiti, Frantz Elbé te sòti yon nòt pou denonse yon gwoup endividi ki te itilize non l sou rezo sosyal yo tankou Twitter, Facebook ak Instagram. DG Lapolis la te di li viktim anak. Gen moun ki itilize tout fòmil pou fè gwo mago lajan sou lòt moun nan sans sa a. Dènye tan sa yo, akoz monte ensekirite a, plenyen yo vin pi plis.
Nan mitan jounen vandredi 3 me 2024 la, yon nimewo rele yon jenn etidyant k ap etidye Syans Moun yo nan Inivèsite Leta a. “Ou gen yon sè w ki rele Leticia (non prete), li nan men nou, si w vle rejwenn li, w ap voye 1500 dola ameriken ba nou rapid sinon se kadav li n ap jis rele w pou vin pran”. Yon nouvèl ki lage jenn fi sa a ki pat vle non l site nan gwo tèt chaje.
“Mwen pa konn si pou m monte, si pou m desann, y ap fè presyon sou mwen. Yo mande m pou kite telefòn nan tou louvri pou m al voye kòb mwen te di yo m genyen an ba yo. M te tèlman sou chòk, m pat janm rann mwen kont si se de yon anak mwen viktim”, se sa jèn fi a te rakonte. Li fè konnen, yo te entèdi l rele lòt moun nan moman an.
Gen anpil moun sou rezo yo ki akize konpayi telefòn yo ak tout “Conatel”, otorite ki la pou jere kesyon kominikasyon, ki pa mete baliz sou mòd dezòd sa yo nan peyi a. Gen moun se aprè yo fin fè transfè lajan bay yon pwòch nan konpayi ki bay sèvis sa yo epi enfòmasyon prive yo pran lari.
Sa ki plis enèvan an, daprè plizyè viktim, se paske yo bay tout detay sou pwòch ou oubyen fanmi w. E se nan pyèj sa a demwazèl la pran paske yo te ba li tout detay sou sè li a. Pi devan, yo menm mande l pou yo fè l pale avèk Leticia, fòk li antre anndan yon chanm, dezabiye l epi voye foto entim li ba yo. “Yo fè tankou se tire y ap tire sè m nan, pou m ka voye foto a pou yo”, se sa viktim nan ajoute.
Kisa lalwa di sou dosye anak sa a?
Nou te kontakte mèt Fanfan Albert, avoka ki ap pratike metye Dwa nan peyi a, li fè nou konnen pako gen yon previzyon legal pou sa nan peyi a. Lejislasyon nou yo pa ko prevwa okenn mezi kont moun ki dèyè zak sa yo, daprè Mèt Albert.
Sèlman li fè konnen, si viktim yo rive retrase nimewo a ak mèt li, yo kapab depoze yon plent nan lajistis kont moun nan e lè sa a, si lajistis rive demaske rezo a, y ap sibi pèn yo dwe sibi pa rapò ak atik 337 kòd penal ayisyen an ke mèt Jean Vandal te elabore.
Nan atik 337 la li ekri “Nenpòt moun ki […] twonpe oswa eseye twonpe tout oswa yon pati nan fòtin yon lòt, y ap l pini e l ap pran pou pi piti yon lane osinon 3 lane pou pi plis nan prizon”.
Jan bandi yo fè anak la kounye a, se envansyon kidnaping yo fè oubyen yo di w gen yon moun ki ba yo yon kantite lajan pou touye w, si w ba yo 2 fwa kòb sa a yo p ap touye w.
Gen yon jenn gason ki abite Dèlma ki te pran nan kou sa a kote li menm se entèlijans li ki te sove l. “Mwen mouri deja, lajan sèkèy mwen gentan la, nou mèt vin touye m kounye a”, se konsa jenn gason sa a te reponn prezime kriminèl sa yo k ap ponmennen ransonnen moun sou rezo yo swa pa apèl telefonik, mesaj tèks oubyen lòt mwayen.
Mèt Fanfan Albert konseye tout moun ki viktim anak pou pote plent swa nan DCPJ (Direksyon Santral Polis Jidisyè) oubyen nan yon tribinal pou denonse rezo sa yo. Mete sou sa, gen anpil moun ki kwè fòk konpayi telefòn yo fè yon fason pou frennen deriv sa yo paske gen anpil moun ki viktim.
Gen viktim ki deside pale de sa menmsi yo brave danje, men gen anpil lòt ki deside rete nan silans yo.
Redaksyon an
Leave a Reply